Mèsi paske ou kontakte USAHello

Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis

Nou pa tcheke bwat resepsyon imèl jeneral nou yo ak mesaj sou rezo sosyal nou yo chak jou. Nou se yon ti ekip epi nou apresye pasyans ou. Nou regrèt nou pa ka reponn chak demann.

USAHello resevwa plizyè milye mesaj moun k ap mande èd. Malerezman, nou pa ka ede ak anpil nan demann sa yo. Nou PA ka ofri èd entènasyonal, sèvis dirèk, asistans legal, parennaj, oswa nenpòt asistans finansye.

USAHello travay pou konekte w ak enfòmasyon ak resous yo.

Sit entènèt nou an ofri plizyè santèn paj enfòmasyon tradui sou diferan sijè diferan, tankou kouman pou aprann anglè, jwenn yon travay, ak jwenn enfòmasyon sou imigrasyon.

Chèche sit entènèt nou an pou jwenn enfòmasyon ou bezwen an.

Itilize ba rechèch la🔍 anlè nèt a dwat.

Si w ap chèche èd Ozetazini, chèche aplikasyon nou an FindHello pou òganizasyon ki ofri sèvis dirèk nan zòn ou an.

USAHello also offers free online GED and U.S. citizenship classes. For questions about the classroom, email classroom@usahello.org

Nou swete ou ka jwenn èd ou bezwen an!


Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann e ki ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy legal.