Enskri pitit mwen nan lekòl

Mizajou nan dat 11 septanm 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Ou dwe enskri pitit ou a nan lekòl lokal ou anvan yo ka kòmanse. Aprann kijan pou w konnen ki lekòl pitit ou a pral ale. Konnen ki dokiman w ap bezwen. Jwenn enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon lekòl la.

Èske pitit mwen an oblije ale lekòl?

Wi. Prezans nan lekòl la obligatwa pou elèv Etazini ant laj 5 ak 16 lane. Nan kèk eta, laj yo ka diferan pa 1 oswa 2 lane

Kilè mwen enskri pitit mwen nan lekòl la?

Pifò lekòl nan Etazini kòmanse nan fen sezon lete an oswa sezon otòn bonè, nan mwa Dawout oswa Septanm. Asire w ou verifye kalandriye lekòl la pou konnen ki lè ane lekòl la kòmanse. Gen kèk lekòl ki mande pou w pran yon randevou pou enskri pitit ou a.

Si ou rive Ozetazini pandan sezon lete an, ou ka vizite lekòl pitit ou a an Jiyè oswa out pou aprann kijan pou enskri.

Si w rive nan peyi Etazini pandan ane lekòl la, ou ta dwe enskri pitit ou pi vit ke posib. Yo ka kòmanse nenpòt ki lè pandan ane lekòl la. Ou ka verifye kalandriye lekòl la pou wè nenpòt jou lekòl la ap fèmen pou jou ferye yo, jou preparasyon pwofesè yo, oswa lòt evènman lekòl.

Nan ki lekòl pitit mwen an pral ale?

Ane pitit ou a te fèt epi kote w ap viv la ap detèmine ki lekòl pitit ou a prale. Yo jeneralman atribiye lekòl yo an fonksyon nivo eskole a ak anplasman kote w rete.

Jwenn lekòl piblik lokal ou a lè w tape adrès ou. Li ta dwe montre lekòl primè, presegondè, ak lekòl segondè yo ba w la ki baze sou kote ou ap viv. Sa yo se lekòl pou diferan nivo klas. Li toujou pi bon pou ou toujou rele oswa vizite lekòl la pou asire w enfòmasyon an kòrèk.

Pitit ou a ta ka gen opsyon tou pou ale nan yon lekòl piblik andeyò zòn kote yo ba ou a atravè enskripsyon ouvè oswa yon demann transfè. Gen kèk paran ki chwazi opsyon sa a si yo kwè yon lòt lekòl ka pi byen repon ak bezwen espesifik pitit yo a. Chak distri lekòl gen diferan règleman pou sa, epi ou ka jwenn detay sou enskripsyon louvri ak transfè lekòl sou sit entènèt distri lekòl la.

Pitit ou a ka ale nan yon lekòl prive tou oswa li ka fè lekòl lakay li.

Ki dokiman mwen bezwen?

Chak distri lekòl gen pwòp fòm enskripsyon li lè w enskri pitit ou nan lekòl la. Ou kapab jwenn fòm nan sit entènèt distri lekòl la. Ou kapab tou ale nan lekòl la epi pale ak sekretè lekòl la. Dokiman ki nesesè yo ka gen ladan yo:

  • Prèv rezidans nan distri lekòl la. Sa vle di ou dwe pwouve w ap viv nan kay ou oswa nan apatman w. Egzanp prèv rezidans yo se yon kontra lwaye apatman siyen, yon deklarasyon labank, oswa yon bòdwo sèvis piblik ak yon adrès. Sa a se pou montre ke w ap viv nan yon katye tou pre lekòl la.
  • Prèv laj. Pa egzanp, yon sètifika nesans oswa paspò ak anivèsè nesans pitit ou a.
  • Vaksinasyon oswa lòt dosye sante yo. Kondisyon sa yo varye selon distri lekòl la.
  • Revni w. Si w pa fè yon sèten kantite lajan pitit ou a ka jwenn manje midi gratis oswa a pri redwi.

Lojman tanporè

Si w ap viv nan lojman tanporè, ou ka kalifye pou Lwa McKinney-Vento kòm moun ki pa gen kay. Sa ba w dwa pou enskri pitit ou a nan lekòl ki toupre kote w ap viv la san w pa montre prèv rezidans ou byen lòt dokiman yo. Sa gen ladan, moun ki rete nan otèl atravè Office of Refugee Resettlement (ORR).

Si w bezwen èd, kontakte Liy Help Edikasyon san kay la nan 800-308-2145.

Estati imigrasyon

Lekòl la pa ta dwe poze kesyon sou estati imigrasyon w oswa estati sitwayènte ou. Estati imigrasyon ou pa nesesè pou pwouve rezidans ou.

Yon nimewo sekirite sosyal (SSN) pa obligatwa pou enskri yon timoun nan lekòl la. Gen kèk lekòl ki ka mande li men ou pa oblije bay nimewo sekirite sosyal ou si w pa vle.

Kisa pitit mwen bezwen pou lekòl?

Pitit ou a ap bezwen founiti lekòl. Gen kèk lekòl ki mande pou elèv yo mete yon inifòm pou yo ale nan lekòl la.

Pwodwi pou lekòl yo

Sit entènèt distri lekòl la oswa pwofesè a pral gen yon lis pwovizyon lekòl la. Sakado, kaye, plim, kreyon, ak atach yo se pwovizyon ki pi komen. Lis la ka diferan selon klas yo.

Pwodwi pou lekòl yo kapab chè. Gen òganizasyon ki ofri èd tankou Salvation Army, United Way, Boys & Girls Clubs of America, ak lòt moun.

Inifòm yo

Gen kèk lekòl piblik ak prive ki mande inifòm elèv. Verifye avèk lekòl la pou konnen si pitit ou bezwen mete yon inifòm.

Kisa k ap pase si pitit mwen an pa pale Anglè?

Si pitit ou a ap aprann angle, di lekòl la pandan pwosesis enskripsyon an.

Lekòl la pral mande ki lang yo pale lakay ou. Lekòl la te kapab mete pitit ou a nan yon pwogram edikasyon bileng. Kalite pwogram sa a tanporè jiskaske pitit ou a aprann Anglè. Li pa ofri nan tout lekòl yo.

Ou pa bezwen pè mande èd. Anpil lekòl yo gen resous pou ede fanmi yo ki pa pale Anglè.

Kijan Èske pitit mwen an ap rive lekòl?

Pifò distri lekòl yo bay transpò pou ale lekòl. Si w ap viv toupre lekòl la, lekòl la kapab atann ou ka mache ou byen monte yon bisiklèt.

Sit entènèt distri lekòl la ap gen enfòmasyon sou otobis ak mwayen transpò. Li pral di ow ki kote yo rete tann otobis la ak ki lè otobis la pral nan kanpe la. Kontakte sekretè lekòl la pou enfòmasyon sou transpò.

Distri lekòl yo konsidere transpò yon privilèj elèv, pa yon dwa elèv yo. Yo kapab pran privilèj la si elèv yo pa konpòte yo byen. Monte otobis lekòl la mande pou konpòte w an menm jan ak lè ou nan lekòl la.

Èske pitit mwen an bezwen ale lekòl chak jou?

Prezidans regilye trè enpòtan tou. Lekòl la anjeneral lendi jiska vandredi. Èdtan yo ka diferan pa nivo lekòl ak klas, men yo anjeneral soti nan alantou 8 a.m. jiska 3 p.m Lekòl kenbe tras nan chak jou pitit ou a la. Lekòl la ap avèti ou si pitit ou a manke twòp jou nan lekòl la. Ou te kapab genyen pwoblèm ak lalwa.

Absans

Yon absans se lè pitit ou a pa lekòl. Pifò lekòl yo gen 2 kalite absans: absans eskize ak san eskize.

Anreta lekòl

Anreta lekòl kabab egalman yon pwoblèm si sa fèt souvan. Yo rele an reta tou tardi. Yo kapab eskize ou pa reta yo. Reta ke yo eskize yo nan menm kategori ak absans eskize.

Pale ak anplwaye lekòl la

Ou responsab pou di lekòl la rezon ki fè w absans an. Rele biwo a oswa ekri yon nòt siyen bay pwofesè a, sekretè oswa direktè lekòl la.

Si w konnen pitit ou a ap manke lekòl devan yo nan tan, enfòme lekòl la. Pafwa, absans la se pa yon bagay ou atann avèl Sa oke. Rele lekòl la nan maten oswa nan demen.

Si w gen pwoblèm pou w menen pitit ou lekòl, fè yo konnen. Yo ka ofri èd.


Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann e ki ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy legal.