Kisa yon eskwokri ye?
Fwod se lè yon moun bay manti pou vòlè enfòmasyon pèsonèl ou oswa lajan w. Li ilegal. Malerezman, fwod kòmen. Se yon pratik ki ilegal e ki komen. Yo itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou yo vòlè idantite w e sa ka enkli:
- non w ak adrès ou
- nimewo kont bank ak kat kredi
- nimewo Sekirite Sosyal
- nimewo asirans medikal
Si yon moun ap mande detay sa yo, fè atansyon. Sèlman bay enfòmasyon sa yo ak yon moun ou fè konfyans.
Magouy konsènan pèman
Eskwokri ki mande peman pou frè imigrasyon yo komen. Pifò eskwokri mande pèman pou frè pou imigrasyon. Frè imigrasyon ak aplikasyon yo trete atravè U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS), U.S. Department of State (DOS), ak Executive Office for Immigration Review (EOIR).
USCIS pral sèlman aksepte pèman anliy atravè kont myUSCIS ou a oswa pa lapòs nan lokal bwat ofisyèl yo. Lè w ap ranpli yon aplikasyon anliy, y ap dirije w pou peye frè yo nan pay.gov.
USCIS pa p janm mande pou:
- Pèman pa telefòn oswa pa imèl
- Fè pèman atravè sèvis tankou Western Union, MoneyGram oswa PayPal
- Yon transfè lajan pou al jwenn yon moun oswa pou peye yon moun
Tout fòmilè USCIS ak EOIR yo gratis sou USCIS.gov ak justice.gov. Pa gen moun ki ta dwe fè w peye pou yon fòmilè. |
Fwod legal
Fè atansyon lè w ap chèche èd legal. Se sèlman yon avoka ak yon reprezantan ki akredite-DOJ ki gen otorizasyon pou bay konsèy legal.
Konseye Piblik
Nan plizyè peyi nan Amerik Latin ak Ewòp, notè piblik yo (notario publicos, notary publics) se avoka ki otorize pou bay konsèy legal.
Nan peyi Etazini, note yo few prete sèman ak temwen siyati dokiman enpòtan yo. Notè piblik nan peyi Etazini pa resevwa fòmasyon oswa otorize bay nenpòt sèvis legal. Notè nan peyi Etazini ki ap eseye tronpe ou ka:
- Pran pòz ofri sèvis legal
- Ofri pou soumèt aplikasyon USCIS san yo pa gen eksperyans ki nesesè
- Bay fo konsèy legal ki kreye pwoblèm nan ka imigrasyon w lan
Konsèy:
Asire w, ou jwenn konsèy legal nan men yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon reprezantan legal ki akredite. Aprann kijan pou jwenn founisè legal ou ka fè konfyans.
Sit entènèt eskwokri
Yon sit entènèt fwod imigrasyon ka pretann li ofri enstriksyon ak èd pou ranpli yon aplikasyon USCIS. Pafwa, sitwèb fwòd yo kapab eseye sanble ak sit ofisyèl yo epi yo ka itilize menm estil la oswa epi yo ka itilize menm estil oswa sele ofisyèl la. Yo ka ofisyèl la. Yo kapab gen fot frap etranj.
Konsèy:
- Asire w, sit entènèt la an sekirite ak adrès “https” epi yon ikòn kadna (🔒)
- Sit entènèt ofisyèl gouvènman yo fini ak .gov
- Sèvi ak sit ofisyèl yo: USCIS.gov, DHS.gov, justice.gov
- Telechaje fòmilè gouvènman gratis sou sit entènèt ofisyèl la
- Pa sèvi ak sit ki eseye gen yon adrès ki sanble tankou USCIS-online.org
- Aktyalize telefòn ou ak sistèm òdinatè yo lè yo sòti nouvo vèsyon yo
- Itilize modpas ki solid ak otantifikasyon miltifaktè
Imèl fwod
Imèl fwod yo trè kòmen. Anpil imèl eskwokri gen dosye oswa lyen ki telechaje malveyan sou aparèy ou an lè ou klike sou yo. Yo ka mande enfòmasyon pèsonèl tankou nimewo kont oswa mande pou pèman.
Imèl sispèk yo kapab genyen:
- Fot frap etranj, tankou nan non w
- Karaktè etranj ak varyasyon tipografi
- Lyen sou fo sit entènèt gouvènman an
Konsèy:
- Pa louvri imèl ki sispèk
- Fè atansyon lè w ap louvri yon imèl yon moun ou pa konnen voye pou ou
- Tout imèl USCIS ak gouvènman Etazini an voye pou ou ap fini nan .gov
- Pa klike sou okenn lyen
- Ale sou google oswa ekri adrès sit entènèt la olye pou klike sou lyen yo
- Pa fè okenn pèman pa imèl
- Pa reponn imèl ki sispèk
- Fè atansyon ak nenpòt imèl ki di li gen yon desizyon USCIS
- Ale nan myUSCIS pou w verifye si w jwenn enfòmasyon ki kòrèk la (tout dènye nouvèl enpòtan yo ap la)
news@uscis.gov se yon fo imèl . Pa louvri imèl ki soti nan adrès sa a oswa klike sou nenpòt nan lyen yo voye. |
Apèl magouy ak mesaj tèks
Pifò moun yo resevwaapel ak mesaj tèks magouy. Magouyè yo souvan chanje nimewo telefòn yo pou koresponn ak kòd zòn ou ye a konsa pou ka reponn telefon nan. Kalite ki pi komen yo se sou kat kredi ak taks men gen kèk ka sou imigrasyon.
Yon moun k ap fè fwod ki rele w ka:
- pretann li se yon ofisye imigrasyon
- mande pou enfòmasyon pèsonèl oswa pèman
- di, enfòmasyon ou yo pa kòrèk oswa, ou dwe kòb epi menase pou rapòte w
Konsèy:
- USCIS pa p mande pou enfòmasyon pèsonèl oswa pou fè pèman pa telefòn
- Tcheke avèk USCIS oswa EOIR si ou pa sèten si yon apèl reyèl
- Chèche jwenn enfòmasyon sou ajans yo sou yon sit ofisyèl
- Fèmen telefòn nan si w gen dout sou apèl la epi pa eseye rele yo
- Bloke apèl ak mesaj tèks endezirab
- Kontakte yon avoka oswa yon reprezantan imigrasyon si w gen kesyon
Magouyè yo ka kontakte w tou sou rezo sosyal yo pou yo ofri èd yo pou yon aplikasyon imigrasyon tankou libète imanitè. USCIS p ap kontakte w sou Facebook, ni sou Twitter, ni sou LinkedIn, WhatsApp oswa lòt rezo sosyal.
Lòt fwod imigrasyon ke yo fè sou entènet
Men yon lis kèk fwod imigrasyon ke yo fè sou entènèt otorite yo ap pataje ak piblik la.
Fwod ki gen rapò ak enfòmasyon pèsonèl Afgan yo ka mande w pataje enfòmasyon pèsonèl ou pou ede w jwenn avantaj nan kesyon imigrasyon. Anjeneral, USCIS pa voye imèl pou fè w konnen yo te apwouve pou yon sèten avantaj imigrasyon.
Akselere èskrok pwosesiska pwomèt pou w jwenn yon viza, Green Card, oswa yon pèmi travay pi vit si w peye yon frè. Yo rele sa "sote liy lan." Yo ka di tou yo gen kontak nan gouvènman an pou yo akselite ka ou. Pèsonn pa ka akselere sèvis yo pi lwen pase tan nòmal pwosesisyo.
Imèl fwod konsènan Fòmilè I-9 la ka mande anplwayè yo bay enfòmasyon ki nan Fòmilè I-9 pandan y ap fè tèt yo pase pou ofisye USCIS. Anplwayè yo pa bezwen soumèt Fòmilè I-9 la bay USCIS.
Fwod konsènan antre sou kondisyon pou rezon imanitè yo ka vize imigran ak esponnsò yo pou fè kòb sou yo. Magouyè yo ka kontakte w anliy oswa atravè rezo sosyal yo epi ofri yo kòm sipòtè w epi pou w ba yo yon frè oswa enfòmasyon pèsonèl tankou nimewo paspò w oswa dat nesans ou an retou. Si w ap chèche yon esponnsò, itilize Welcome Connect.
Esponnsò yo responsab pou bay sipò finansye pou benefisyè yo pou jiska 2 lane. Benefisyè yo pa oblije remèt lajan oswa travay pou esponnsò yo. Esponnsò ak benefisyè yo pa bezwen peye yon frè pou soumèt yon aplikasyon.
Fwod konsènan trafik moun yo ka mennen nan yon fwod travay ki enplike òf travay sispèk yo voye lòt bò dlo oswa pa imel. Trafik moun gen ladan sitiyasyon kote yo fòse moun yo travay epi yo pa ka kite akòz menas, dèt, ak estati imigrasyon yo. Jwenn konsèy sekirite pou evite viktim nan trafik moun.
Fwod konsènan TPS yo souvan ofri fo enfòmasyon sou fason pou moun re-enskri pou TPS. Fwod sa yo ka mande w soumèt fòm ak pèman pou renouvle TPS ou. Li gratis pou renouvle. Pa peye oswa ranpli okenn fòm jiskaske USCIS mete enfòmasyon ofisyèl sou TPS yo ajou sou entènèt.
Fwod konsènan lotri viza yo ka di w, yo te chwazi pou pwogram Viza Divèsite (Diversity Visa, DV) a. Se Department of State ki jere lotri viza a, se pa USCIS. Department of State p ap voye imèl ba ou pou di w yo te chwazi w pou lotri viza a. Lotri viza a gratis. Ou pa bezwen peye yon frè pou w aplike.
Rapòte fwod ak eskwokri
Lè w rapòte fwod, sa ka ede w jwenn èd. Li kapab ede tou nan asire, lòt moun pa p eksperimante menm bagay la. Ou ka rapòte yon fwod san w pa bay non w epi ou pa bezwen bay non ou. Ou ka tou ranpli yon rapò pou yon lòt moun.
Asire w ou kolekte enfòmasyon espesifik sou fwod la oswa eskwokri:
- Dat, lè, ak kote ensidan an te pase
- Non ak enfòmasyon kontak moun oswa biznis ki enplike
- Deskripsyon vyolasyon an
Rapòte bay |
Kalite fwod |
---|---|
Fwod konsènan avantaj imigrasyon |
|
Fwod nan imigrasyon |
|
Fwod nan pwosedi tribinal imigrasyon |
|
Fwod konsènan trafik moun |
|
Imèl sispèk, sit entènèt, oswa kont medya sosyal ki pretann yo afilye ak USCIS |
|
Fwod jeneral |
|
Pèt lajan oswa pwopriyete |
|
Fwòd |
|
Fwod sou Entènèt |
|
Fwod anplwayè ak abi |
Pale ak yon manm fanmi ou fè konfyans oswa yon zanmi si w bezwen sipò. Jwenn plis èd si yon moun ap menase w.
Fè atansyon ak lòt fo enfòmasyon
Genyen anpil nan fo enfòmasyon ke yo te pataje, espesyalman konsènan sijè a nan imigrasyon. Pran konsyans de dezenfòmasyon ak move enfòmasyon. Yo rele dezenfòmasyon souvan fo nouvèl. Li gen entansyon enfliyanse opinyon w Malfòmasyon pa entansyonèlman vle di twonpe w men yo toujou ba w enfòmasyon ki pa kòrèk.
Konsèy:
- Prete atansyon sou kote nouvèl ou ak enfòmasyon yo ap soti
- Fè atansyon ak enfòmasyon ou jwenn sou medya sosyal
- Verifye sous orijinal yo nan atik la oswa pòs la
- Li sou otè a ak òganizasyon an pou wè si yo fyab
- Verifye enfòmasyon an nan yon lòt sous
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, FTC, DOJ, USA.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.