Pwogram lan fini
Depatman Sekirite Enteryè (Department of Homeland Security - DHS) mete fen nan pwogram antre Etazini san benefisye estati imigran pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen yo (CHNV).
Kisa sa vle di pou aplikan yo
Si w te espere vin Ozetazini atravè pwogram sa a, konnen:
- Yo pa aksepte okenn nouvo aplikasyon.
- Nenpòt aplikasyon ki an atant p ap trete.
- Yo p ap bay okenn nouvo otorizasyon vwayaj.
Kisa sa vle di pou moun ki gentan antre sou pwogram sa a
Si w deja nan Ozetazini ak antre sou kondisyon atravè pwogram sa a:
- Ou dwe kite peyi a anvan dat fini antre sou kondisyon w la oswa 24 avril, kèlkeswa sa ki rive an premye, si ou pa gen yon lòt fason legal pou rete Ozetazini.
- Tout pèmi travay ak dokiman vwayaj yo pral anile yon fwa antre sou kondisyon w la fini.
- Gouvènman ameriken an planifye pou depòte moun ki pèdi antre sou kondisyon yo.
- Ou ta dwe aji kounye a pou chèche yon lòt estati legal si ou kalifye.
Kijan pou prepare w pou lè pèmi sejou tanporè w la fini
Si w Ozetazini kounye a atrave pwogram antre Etazini san benefisye estati imigran, nou rekòmande w poze aksyon sa yo imedyatman:
- Jwenn asistans jiridik. Yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan legal ka ede w revize opsyon ou yo. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis asistans jiridik gratis oswa a ba pri.
- Aplike pou azil si ou kalifye. Li gratis pou ranpli.
- Si ou te Ozetazini pou mwens pase 2 zan, ou ka toujou sibi depòtasyon akselere, menm avèk yon aplikasyon azil ki an atant.Merge change.
- Aplike pou TPS Ayiti si w kalifye.
- Tcheke si w kalifye pou Lwa Ajisteman Kiben an. Si ou se Kiben, ou ka anmezi pou aplike pou yon Green Card apre ou tepase yon ane Ozetazini.
- Konnen dwa ou genyen ak ICE ak kijan pou kreye yon plan sekirite si ou fin pèdi estati legal ou.
Kounye a, USCIS mete yon poz pou tout aplikasyon moun ki soumèt li, tankou aplikasyon pou azil.Li toujou rekòmande pou w aplike. |

Aprann kijan pou jwenn èd gratis oswa bon mache nan men avoka imigrasyon ak reprezantan legal de konfyans.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de Welcome.US, DHS, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.