Tès sitwayènte Ameriken: kesyon entèvyou natiralizasyon

Mizajou nan dat 16 avril 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Entèvyou natiralizasyon an se yon etap enpòtan pou vin tounen yon sitwayen Ameriken. Yo konnen li tou kòm tès la natiralizasyon oswa tès sitwayènte. Jwenn yon apèsi sou sa ou dwe atann ak kijan pou prepare w.

Pati nan entèvyou a

Tès sitwayènte Ameriken an ke yo rekonèt tou kòm entèvyou natiralizasyon an oswa tès natiralizasyon. Ofisye imigrasyon an ap poze kesyon diferan nan tout pati nan entèvyou a:

  • Anrejsitreman
  • Sèman
  • Revizyon N-400
  • tès Anglè
  • Tès sivik

Si w pa konprann yon kesyon, ou ka toujou mande ofisye a repete oswa refize kesyon an di li nan yon fason diferan. Reponn klè ak onètman.

USCIS ap konsidere chanje kèk pati nan tès Anglè ak sivik yo. Si w deja gen yon entèvyou pwograme, chanjman sa yo pa ta dwe afekte w. Nou pral mete ajou paj sa a ak plis detay lè yo anonse yo.

Kesyon anrejistreman

Ofisye imigrasyon an ap salye ou epi dirije w nan biwo yo. Ofisye a ap kòmanse teste angle ou soti nan pwen sa a sou.

Ofisye a ka poze kesyon tankou:

  • Kouman ou ye?
  • Èske w te gen pwoblèm pou rive isit la?
  • Ki jan trafik la te fèt?

Kesyon sèman

Ofisye a ap mande w pran fè yon sèman, pou di verite a pandan entèvyou w la. Yon sèman se yon pwomès serye.

Yo ka poze w kesyon tankou:

  • Èske w konprann kisa yon sèman ye?
  • Èske w pwomèt pou w di laverite, tout verite a, e sèlman laverite?

Yon fwa ou sou sèman, ofisye a pral poze kesyon sou aplikasyon ou an. Kesyon yo ke yon ofisye poze ak fos lòd yo poze yo ka diferan pou chak moun.

Kesyon fòm N-400 yo

Ofisye a pral revize aplikasyon sitwayènte w la avèk ou pou:

  • Asire w enfòmasyon an kòrèk.
  • Verifye si gen chanjman nan aplikasyon w lan
  • Konfime ke w konprann yon kesyon
  • Teste konpetans ou nan lang Anglè

(https://www.youtube.com/watch?v=mS8s8JFUhVw)

Yo ka poze w kesyon tankou:

  • Èske w konprann kesyon sa a?
  • Ki adrès kay ou ye kounye a?
  • Èske manman w oswa papa w se yon sitwayen Ameriken?
  • Èske w marye, divòse, selibatè, oswa vèv kounye a?
  • Èske w te vwayaje aletranje dènyèman?
  • Èske w te janm fè pati nenpòt òganizasyon?
  • Èske w te janm kondane pou yon krim oswa yon ofans?
  • Èske w te janm nan etablisman koreksyon oswa prizon?
  • Èske w janm bay manti bay nenpòt ki ofisyèl gouvènman Ameriken?
  • Èske w te janm refize antre nan peyi Etazini an?
  • Èske w te janm depòte w sòti nan peyi Etazini?
  • Èske w dispoze pou fè sèman fidelite a?

Ofisye a pral anjeneral poze kesyon nan yon fason ki diferan de jan yo te ekri nan aplikasyon an pou asire w ke w pa te jis memorize fòm lan. Ofisye yo pa gen dwa mande ou pou yon definisyon yon mo oswa yon fraz.

Li trè enpòtan ke w konprann chak kesyon epi revize aplikasyon w lan anvan entèvyou w lan. Aprann siyifikasyon mo nan Fòm N-400 pou reponn kesyon kòrèkteman ak verite.

Si w gen nenpòt chanjman depi ou ranpli aplikasyon ou an, ou pral oblije konfime yo sou yon tablèt epi siyen non w. Ou pral siyen tou pou dakò pran Sèman an nan alejans nan jou seremoni natiralizasyon w lan.

Kesyon tès Anglè yo

Tès Anglè a verifye ladrès lekti, ekri, ak pale ou. Ou dwe montre ke w konnen Anglè debaz pou kalifye pou sitwayènte. Yo teste Anglè w pandan tout entèvyou a.

(https://www.youtube.com/watch?v=MlQo8dwr3kA)

Pale

Nan seksyon sa a, ofisye a teste kapasite w pou pale ak konprann Anglè. Ofisye a ap teste w nan pwen yo salye ou epi pandan y ap revize aplikasyon w lan.

Yo ka poze w kesyon tankou:

  • Ou konprann poukisa ou la jodi a?
  • Poukisa w vle vin yon sitwayen Ameriken?

Lekti

Nan seksyon sa a, ofisye a mande w pou w li 3 fraz byen fò nan lang Anglè. Fraz yo pral sou yon tablèt epi yo sòti nan lis la nan kesyon sivik yo. Ou dwe li 1 fraz kòrèkteman pou w pase.

Yo ka mande w pou w li fraz tankou:

  • George Washington te premye prezidan an.
  • Washington DC se kapital Etazini.
  • Tribinal Siprèm lan se tribinal ki pi wo nan peyi Etazini.

Ou pral pase seksyon lekti a si ou:

  • Li yon sèl fraz san poz long.
  • Li tout pawòl yo nan fraz la.
  • Kite de kote mo kout oswa pwononse mo mal men sèlman si li pa chanje siyifikasyon fraz la.

Ou pral echwe seksyon lekti a si ou:

  • Pa li fraz la.
  • Pa li yon mo oswa di yon lòt mo pito.
  • Pran yon poz pou yon tan long pandan w ap li fraz la.
  • Pwononse mo mal ki chanje siyifikasyon fraz la.

Ekri

Nan seksyon sa a, ofisye a mande ou ekri 3 fraz nan lang Anglèn. Ou pral oblije sèvi ak yon plim stylus sou yon tablèt. Fraz sa yo sòti nan lis kesyon sivik yo. Ou dwe ekri 1 fraz kòrèkteman pou w pase.

Yo ka mande w pou ekri fraz tankou:

  • Sitwayen Ameriken yo gen dwa pou yo vote.
  • Jounen Martin Luther King Jr. se 16 Janvye.
  • Kongrè a fè lwa federal yo.

Ou pral pase seksyon ekri a si ou:

  • Ekri yon fraz ki gen menm siyifikasyon ak fraz la ofisye a li byen fò a.
  • Itilize nimewo ki swa epele swa ekri sou fom chif yo.
  • Gen kèk erè gramatikal, òtograf, oswa erè kapitalizasyon men sèlman si li pa chanje siyifikasyon an nan fraz la.
  • Kite de kote mo kout men sèlman si li pa chanje siyifikasyon an nan fraz la.

Ou pral echwe seksyon ekri a si ou:

  • Pa ekri anyen oswa sèlman youn oubyen de mo.
  • Ekri yon fraz ki pa lizib
  • Ekri yon fraz oswa mo diferan.
  • Ekri yon fraz ki vle di yon bagay diferan de sa yo te li pou ou.
  • Sèvi ak yon abrevyasyon pou yon mo.

Kesyon tès sivik yo

Tès sivik la verifye konpreyansyon w sou gouvènman Ameriken an ak istwa. Se a sa yo jeneralman fe referans lè moun di tès sitwayènte. Ofisye a pral poze kesyon ki sòti nan yon lis ofisyèl nan 100 kesyon sivik yo. Ou dwe reponn 6 kesyon sou 10 kòrèkteman.

Aprann plis sou tès sivik la ak kesyon yo. Jwenn yon lis konplè kesyon yo ak repons ak tradiksyon nan 17 lang diferan pou ede w etidye. Koute odyo pandan y ap li pou ede ak ladrès Anglè w pou pòsyon sa a nan tès la.

USAHello ofri tou yon klas gratis sou entènèt pou ede w prepare pou pati sivik nan tès la. Ou ka pran klas sa a nan lang Anglè, Arab, Fransè, Panyòl, Swahili, ak Vyetnamyen.

Egzansyon nan kesyon yo.

Gen kèk moun ki pa oblije pran tès Anglè a oswa yo ka pran yon vèsyon ki pi senp nan tès la sivik yo. Aprann si w kalifye pou yon egzansyon oswa yon aranjman.

Apre sa: Etidye 100 kesyon ak repons sivik tès sitwayènte


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, USA.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.